stanleypean.com


Les carnets web de l'écrivain Stanley Péan

Nan peyi sik anmè

Nan Nan peyi sik anmè by StanleyPean 

Mte grangou, mtap manje lanmizè
Mwen travèse lafrontyè, male nan peyi sik anmè
Mte kwè m ka tounen lakay mwen
Ak manje pou pitit mwen
Moun ici pa vle kite m pati

Yo fè m travay tankou bourik
Yo di mwen pa menm moun avè yo
Yo finn wete nanm mwen wi
Yo fè mwen tounen zombi

Lavi nan Dominikani
Pa finn dous menm jan yo te di
Nan peyi sa a ma va mouri
Pou yon ti sik nwa tankou doulè mwen
Yon ti sik ki gen gou suè mwen

Lò mitrayèt yo ape sonnen
Nan solèy kap boule do m
Yo fè m travay tankou zombi
Lannuit rive nan ti kay la
Ala m sonje moun an mwen
Ala sonje m sonje Ayiti

Yo fè m travay tankou bourik
Yo di mwen pa menm moun avè yo
Yo finn wete nanm mwen wi
Yo fè mwen tounen zombi

Ou ki pral an Dominikani
Tande sa zombi gen pou di
Tande nou, tande nou tanpri
Nap tann ou vinn ban nou goute
Disèl ki pou fè zombi leve

Domikani
Se pa yon paradi
Nap bat lamizè
Nan peyi sik anmè
Tande nou tanpri
Nou pa vle mouri

Yo fè m travay tankou bourik
Yo di mwen pa menm moun avè yo
Yo finn wete nanm mwen wi
Yo fè mwen tounen zombi

Mte grangou, mtap manje lanmizè
Mwen travèse lafrontyè, male nan peyi sik anmè
Nan ti kaz la map espere
Wa vini ban mwen goute
Disèl ki pou fè zombi leve

Paroles: Stanley Péan
Musique: Vincent Potel
Interprète: Émeline Michel
Sur le CD Sucre amer (CQRDTHRD, 1995)